Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Wednesday, October 21, 2015

Elèv nan lekòl Ayiti yo ap chante alfabè kreyòl la.

N ap di yon gran mèsi a tout lekòl ann Ayiti, a direktè ak direktris lekòl ki te onswa chante oubyen pral chante alfabè kreyòl la. Ti moun Ayisyen alèkile pral grandi ak konesans alfabè lang matènèl yo.

Si ou se yon direktè lekòl ann Ayiti ki po ko patisipe nan promosyon lang kreyòl la nan lekòl ann Ayiti, n ap mande w ki lè ou va deside mete men nan pat la?
Plizyè lekòl ann Ayiti, sitou nan klas fondamantal yo, te deside anseye elèv yo alfabè kreyòl la avèk DVD ki genyen 2 ti chante alfabè kreyòl la ke pwofesè DeGraff avè Louis-Charles te pwodui nan yon videyo.

Anplis de sa, n ap ankouraje tout lekòl yo pou yo chache aprann konnen ki sa Inisyativ MIT-Ayiti a ye. Genyen anpil resous sou pwogrè ki ap fèt avèk lang kreyòl la pa rapò ak ledikasyon ann Ayiti. Ou kapab koumanse enfòme w nan sit sa a: http://resourcecenters2015.videohall.com/posters/519

Tout pwofesè lekòl ann Ayiti ta dwe pran yon pozisyon aktif pou pwogram Inisyativ la ka disponib nan tout lekòl yo ....pi bonè se gran maten.  Plis nou aji pi bonè, se mwens tan ti moun yo pase ap aprann ak pwogram demode. Sèvèl ti moun yo pare pou aprann, an nou djigèt li ak bon jan teknoloji pou Ayiti ka koumanse pwodui plis syantis, chimis, matematisyen ak enjenyè ki gen konpetans global.

Jwenn plis enfòmasyon toujou. tcheke lyen sa yo: 







Institution Mixte Gethsemane ap fè gwo pa annavan - yo pral chante alfabè kreyòl la.





Ti katkat na lekòl Kindergarten ak Collège Said Nan Fontamara 43 ak direktè Marcelin Henson pral chante alfabè kreyòl la.


Institut Mixte Emmanuel de Leogane pral chante alfabè kreyòl la. Gwo kout chapo pou direktè Jules Jean Ladie ki ap fè yon gwo travay nan zòn nan.


Gwo bravo pou elèv collège Leonard Milord nan Leogane, rue St. Laurent avec Direktè Paul Fritz ki pral chante alfabè kreyòl la. Kontinye bon travay la.




Lekòl Kindergarten Joli Minou nan Timo Leogan avèk directrice Mitha Louis Meriser pral chante alfabè kreyòl la.


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment