Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, May 25, 2015

Hey Mandy, did you remember to send Kalve song 'Ou mèt KONTE SOULI'? mèsi

https://plus.google.com/112582004390447685562/posts/L6u9JCvZDDQ

Lè w an sante, ou gen anpil lajan
Lè sa va byen, ou gen anpil zanmi
Kote w pase, se onè ak respè
Tout moun renmen w, lavi a parèt bèl

Men lè w malad, lè ou pedi travay
Lè pa gen kòb, ou pa enteresan
Lè ou fin granmoun, lè jenès ou ale
Tou moun kite w, tou moun abandone w

Refrain
Men gen yon bon zanmi
non li se Jezi Kri
Depi lontan l ap chache fè zanmi avè ou
Se yon zanmi fidèl
Ki p ap abandone w
Nan moman difisil ou mèt konte sou li.

Si ou twouble, si gen anpil pwoblèm
Avan w fè lèd, fè w  ti koze avè l
Li gen sekrè, se pa youn palèlè
Ou pa bezwen wont,ou mèt koze avè l

Refrain
Li ze youn bon zanmi, se youn zanmi fidèl
Li p ap tronpe w, ou mèt konte sou li
Nan moment difisil, wa wè li toujou la
Li p ap tronpe, ou mèt konte sou li

Si yo trayi w, si lanmò menase w
Si w an danje, rele li l ap vini
Si kè ou tris, si w santi w dezole
Si w santi w sèl, ou mèt konte sou li

Refrain
Men genyen yon bon zanmi
non li se Jezi Kri
Depi lontan l ap chache fè zanmi avè ou
Se yon zanmi fidèl
Li p ap abandone w
Nan moman difisil ou mèt konte sou li.

Lè timoun yo malad…… ou mèt konte sou li

Doktè pa bay espwa…… ou mèt konte sou li

Lè bagay yo tou nwa…… ou mèt konte sou li


Lavi ap malmennen w….. ou mèt konte sou li


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment