Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Thursday, March 5, 2015

Hi ! I looking for a song ! Can you help me please! Batay la se pou le Seigneur Pouki sa wap kraze ko-uo. Batay la se pou le Seigneur rete en silence .ou te met essaye jodia se pa anyien wap regle pito ou lague batay la nan main l'Eternel .please, Thanks!

Batay la se pou Letènèl pouki sa wap kraze kò'w? 
Batay la se pou L'etènèl rete an silans. 
Ou mèt eseye depi jodi pou rive demen se pa anyen w'ap regle 
Pito'w lage batay la nan men Letènèl


Izrayèl te devan lanmè wouj
Farawon dèyè l, l'ap mache al rankontre l
Kijan pou yo fè?  Ki moun ki kab delivre yo?
Te gen yon men envizib ki t'ap gide Moyiz avèk pèp Izrayèl la
Touswit Letènèl pale, se te delivrans.


Amalèk parèt sou Izrayèl pase pa dèyè'l atake'l ak gwoup li yo
Moyiz monte sou montay, moun yo te desann al batay
Amalèk pa't kapab reziste chak fwa Moyiz leve men'l anlè bay Bondye
Viktwa batay la te la nan men Letènèl.


Sayil pa't kab sipòte David paske Bondye te chwazi'l pou'l t'al ranplase'l
David pran lafuit, Sayil dèyè'l pou touye'l
David epanye lavi Sayil pandan'l t'ap dòmi
Li pa't mete men sou li.
Sayil mouri, Letènèl te delivre David


Anpil fwa Kretyen yo konn panse se yo menm ki kapab mennen batay la.
Se sa ki fè pafwa yo konn pèdi batay la
Aprann lage batay la nan men Letènèl
Se li menm ki konnen sa l'ap fè
Bay Letènèl batay la, w'a gen laviktwa



Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment