Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Saturday, March 7, 2015

Hi! Can you please help me find the lyrics to this song?? "Jezu pwoblem yo nan men ou. Pwoblem spiritual pwoblem sentimental, pwoblem material yo tout yo nan men ou". The spelling might be wayyyy off lol. Please help me. Thank you!

You were not that far off :)


Si nou sonje lè nou te nan lemonn nou te nan esklavaj
Nou pa’t genyen espwa. Nou te tankou yon brebi egare
Ki pa’t gen patiraj, dyab la te mennen nou nan tout sa ki pa bon
Men Jezi nan amou l,  te vin mouri pou nou, e li te rachte nou anba malediksyon
Jodi a m’ap chante,  se pa pou n pale m mal, paske li delivre nanm mwen anba peche

Si nou genyen pwoblèm pandan m’ap chante la
Leve men nou anlè, pwoblèm yo va rezoud, jezi
Jezi, pwoblèm yo nan men ou Bis, one line)

Lemonn alèz yo di yo san pwoblèm
Men yo tout pè mouri, paske vi yo pa pwòp
Nou menm kretyen nou konn gen ti pwoblèm
Men nou pa pè anyen paske Bondye nou an se matematisyen
Se li k kreye lemonn ak tout sa ki ladan l –
Tè a avèk syèl, se nan men li yo ye
Li konn geri malad, li kon rezoud pwoblèm
nou pa ka konpare grandè Bondye nou an

si nou genyen lafwa nou mèt desann men nou
O non de Jezi pwoblèm yo deja rezoud
gen moun ki san manman
gen moun ki san papa
se ofelen yo ye, yo tout yo nan men ou

Jezi, Jezi! Jezi, pwoblèm yo nan men ou
Pwoblèm espirityèl pwoblèm santimantal,
pwoblèm materyèl yo tout yo nan men ou

Jezi, Jezi, Jezi pwoblèm yo nan men ou

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

3 comments:

  1. Hi can you please help me find the lyrics to the song "te tankou yon ti mouton byen egare Pat konnen kotel prale, byen grangou et byen swaf lage nan yon dezer abandone"
    I know bad spelling but please help me

    ReplyDelete
    Replies
    1. There it is:
      Nan lavi mwen, mwen santi m gen yon gwo vid
      Tout s am t ap chèche pou m ta santi m byen
      Poutan, m vin pi mal.

      Mwen te tankou yon ti mounton ki egare,
      k pa konn kote l prale,
      byen grangou e byen swaf,
      lage nan yon dezè abandone.
      Tanpri Jesus pote m sekou (2 times)

      Prezans ou se sa k ap pase swaf mwen an ,
      Prezans ou se sa k ap konble vid mwen,
      prezans ou, prezans ou se sa m ap chèche,
      Prezans ou, prezans ou se sa m'reklame.

      Delete
  2. Can you please tell me the original singers to 'Pwoblèm yo nan men Ou" ?
    I greatly appreciate it!

    ReplyDelete