Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, July 1, 2014

Ending a letter in Haitian Creole

Mandaly!!
Ki kote ou ye? M'espere tout bagay anfòm. Nou sonje ou anpil la!
Enben, si ou te ale an vakans, bon vwayaj! (:
(O.o, Kijan ou fèmen yon lèt?)

Bondye beni ou,

Mwen la.
Tout bagay anfòm grasadye.
Mwen t’ap fatige tèt mwen ap fè anpil monte desann, ap travay, ap vwayaje tou. Eskize m, mwen te neglije blòg la pou yon moman.  Mwen retounen lakay mwen kounye a. Mwen mennen tèt mwen ba w (I’m all yours).
Bondye beni ou tou.
 ********************


Lè ou fin ekri yon lèt ou kapab ekri:
At the end of a letter you may write:

Sensèman… or Avèk senserite - Sincerely
Avèk tout senserite – Sincerely yours
Avèk respèRespectfully
Avèk tout respèRespectfully yours
Mèsi davans – Thanks in advance
Avèk lanmou … With love
Souwè or Tout souwè - Best regards
Tout bon souwè – Wishing you the best
Mwen pa ka tann pou m rankontre w - I am looking forward to meeting you
M’espere tande w byento – I hope to hear from you soon
Anpil lanmou – Lots of love
Anpil beze – Lots of kisses
Anpil mèsi – Many thanks
A la pwochèn - Until next time
Zanmi ou - Your friend
Pi bon zanmi ou – Your best friend
Pran swen tèt ou – Take care, Be well, Take care of yourself
Fè miyò – Be well
Kenbe la - Hang in there
Na wè byento – See you soon
Akolad – Hugs
Yon salitasyon pou tout moun – Greetings to all




Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment