Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Wednesday, April 16, 2014

Mon vlé mandé an kwésyon...es moun ayisien sevi pawol-la "zot"? adan dominik,gwadloup, st.lisi e matnik we use that when talking to a group of people. Pa egzanp...zot pa ka manjé (are you all not eating). Also in dominica we use "sa" to able/can. For example...mon pa sa kopwann kwéyòl pyes (I can not understand creole at all) .Curious if these are used in haiti. Mési anchay

1.
Enpe moun te konn itilize “zòt” lontan lontan.  Men kounye a, depi alfabetizasyon Kreyòl la, yo pa itilize l fasil ankò. Kounye a, depi kèk tan, nou itilize “nou” nan plas “zòt”.

Pa egzanp, nou di:
Kòman nou ye? (to a group of people)
How are you all doing?

Ou kapab jwenn mo “zòt” la nan liv ki te ekri lontan ak nan ansyen bib Kreyòl Aysiyen an
 

2.
WI, nou itilize “sa” pou nou di “kapab” (nan fraz negatif).
Pa egzanp:
M tonbe m pa sa leve. – I’ve fallen I can’t get up.
M pa sa konpran anyen nan sa w’ap di. – I can’t understand anything that you’re saying.
Yo tèlman sezi yo pa sa pale. – They are se shocked they can’t talk.
…..
3.
Lòt bagay:
Nou pa itilize aksan sou “e” paske nan lang Kreyòl la nou pa genyen prononsyasyon “e” Franse a.
Pa egzanp:
Nou di rele nan plas rélé
Nou di pale nan plas palé
Etc…


Mwen konprann Kreyòl ou, eske ou konprann Kreyòl mwen ?

 

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

1 comment: