Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, February 25, 2014

Mwen ap mande kesyon mwen nan Creole. koubyen tan mwen pral fe pou aprann lang Haitien Creole an?

Dapre sa m remake, chak moun ki ap aprann lang lan gen pwòp rezon pa yo.  Genyen se misyonè yo ye, genyen se nan zafè lasante y’ap travay, gen moun se kontra travay yo pral ranpli Ayiti, e genyen tou se zafè menaj yo y’ap regle. Donk m panse rezon ki fè ou aprann lang lan se li menm ki va detèminen  valè tan w’ap envesti pou metrize lang lan tou.  Resous ou genyen a dispozisyon ou kapab deside valè tan li va pran pou w soti depi “A” rive jiska “Z”.

Pafwa, yon moun poze kalite kesyon sa a (yo bezwen konnen konbyen tan l’ap pran yo pou pale Kreyòl), paske yo petèt te panse li t’ap pran yo mwens tan, ou byen yo gen dwa koumanse dekouraje paske yo pase anpil tan ap aprann, enpi lang yo lou toujou.  Si se sitiyasyon w sa, li ka byen bon pou chanje metòd w’ap aprann nan.  Chache mete tèt ou nan anviwònman ki ap pi enteresan pou ou – Antoure tèt ou nèt ak lang Kreyòl la.  Keseswa se jounal, televizyon, radyo, zanmi, legliz, kondisip travay, liv, etc….  Kwè m si w vle, anvan w bat je w, n’ap batize w AYISYEN :)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment