Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, October 1, 2013

Eske gen yon diferans ant "gen" e "genyen" pou itilize yo? Kilè me dwe itilize youn e kilè m dwe itilize lòt? Pa egzanp, nan lòt blog ou, m te wè yon atik sou bidonvil yo an Ayiti ki di: "Pa genyen elektrisite, pa genyen dlo potab, pa genyen latrin...” Poukisa se pa "pa gen elektrisite, pa gen..pa gen"? Yon gran mesi!

Dakò :)

"GEN" ak "GENYEN" vle di menm bagay la. Ou kapab boukante youn pou lòt nan nenpòt fraz.  Men ou pa kabab itilize "GEN" nan fen yon fraz.

Pa egzanp:
Ou kapab di:
Se pa sa ou genyen (That isn't what's wrong with you)
Men ou pa kapab di:
Se pa sa ou gen.

Ou kapab di:
Se yon sèl dola mwen genyen.
Men ou pa dwe di:
Se yon sèl dola mwen gen.

Men nan atik "Bidonvil" la.  Otè a sanble te vle itilize anfaz (emphasis), se pou sa li sanble pa't kontrakte mo "GENYEN" an. Men, sètènman, ou ta kapab ekri "...pa gen elektrisite, pa gen..., pa gen....". Li ta kòrèk si ou ta ekri li konsa tou.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words


No comments:

Post a Comment