Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Saturday, August 24, 2013

Madanm, ki jan ou konnen an Kreyol ki le sevi ak "anpil" anvan oswa apre yon mo? Egzanp: "Gazolin la che anpil." oubyen, "Mete anpil gazolin." Ki gen reg sou sa a? Tanpri reponn nan lang angle silvouple. Mesi anpil.

Ou mande mwen kesyon an an Kreyòl. Mwen ta renmen reponn li an Kreyòl.
Mwen sèten ou va konprann sa mwen di.
Si ou pa konprann kite m konnen :)

1.
anpil se yo adjektif, pwonon, oubyen yon "determiner" lè ou plase li devan yon non.  Li vle di many, a lot of.

pa egzanp:
anpil moun
a lot of people

Genyen anpil bèl kay nan zòn sa a.
There are many beautiful houses in this area.

2.
anpil se yon advèb lè ou plase li dèyè yon vèb oubyen dèyè yon adjektif
pa egzanp:
Mwen renmen w anpil.
I like you a lot.

Li kontan anpil.
She 's very happy.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment