Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, July 1, 2013

Alo! Eske w ta ka dim kek liv Kreyol yo ki bon pou timoun yo?

Si w'ap chache liv an Kreyòl pou timoun, se sa ki pa manke nan libreri Kreyòl nou yo.
Si ou tcheke sit Librerimapou.com oubyen Educavision.com w'ap jwenn tout kalite liv.
Epitou tcheke Koleksyon Sanmba (kebèk, Kanada). Yo gen yon seri liv istwa ak kont pou timoun.  Libreri Mapou nan Miami genyen liv Koleksyon Sanmba yo.
Techke Tatézoflanbo, an Kreyòl (Collection Jeunesse);
Bobo Chen Odasye A (Mancy's Haitian Folktale Collection);
ak Chansons d'enfants En Français et Créole.  
Si ou bay Libreri Mapou yon kout fil mwen byen sèten yon va ba ou lis liv pou timoun yo pote pou lemoman.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

5 comments:

  1. M pa konprann kisa w vle di avek "Koleksyon Sanmba (kebék, Kanada). S'on boutik ou yon biblyotek ki m ta ka vizite la?

    ReplyDelete
    Replies
    1. Koleksyon Sanmba se yon Editè nan peyi Kanada ki pibliye yon seri ti liv ki genyen kont ak istwa an Kreyòl. Ti liv sa yo ka gen apeprè ven paj, men pa plis. Men kèk nan tit liv yo pibliye:

      Sa rive (It's about an animal party)
      Istwa abèy ak gèp (story of a bee an a wasp)
      Istwa ti Jozèf (story about a musician)
      Nou tout nan ka (story of three brothers)
      Mimi ak Manman Poul (story a a cat and a chicken)
      and a few more
      Libreri Mapou might have some of these little booklets.

      Delete
    2. Zanmi m prale kebék...eské li ta ka jwenn liv Koleksyon Sanmba la? Éske w te ka bam yon adrés?

      Delete
    3. Men adrès mwen genyen pou yo:

      359 St-Pierre, 1er étage
      Montréal, H2Y 2L9 Québec, CANADA
      Téléphone: (514)845-0880 .
      Fax: (514) 845-6218

      Delete