Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, February 19, 2013

eske mikwob pa touyen aysiyen tout bon vre?

Kibò sa mezanmi!
M si e sèten ou konn repons kesyon sa a pi byen pase m menm.  Kwake m pa konn pouki ou mande l, ni pouki moun ap kontinye di sa toujou.

Kòm pawòl sa a se yon dizon li ye, m ka konprann pouki yo toujou ap repete l.  Annefè, li plis yon ekspresyon pase yon dizon .... onswa pa :)

Anndan kò imen, dapre sa m aprann, se yon bagay esteril li ye.  Depi mikwòb antre kote l pa dwe antre, l'ap bay lafyèv, l'ap fè ravaj, l'a kraze brize jouk li fese kò a atè mò rèd.  Se remèd ak iminite w sèlman ki va sove w.  - Yo fè m konprann tou se pa tout mikwòb ki voye w al bwachat.

M panse se zafè iminite a ki ka byen NANNAN ekspresyon sa a.  (Petèt olye nou di "Mikwòb pa touye Aysiyen", nou ta dwe di: "Ayisyen gen plis iminite kont maladi pase tout pèp, akoz katafal mikwòb k'ap viv lakay yo")
Petèt yo repete ekspresyon an paske lè w'ap gade jan divès kote Ayiti sal anpil, w'ap mande tèt ou kouman yon kò imen tolere viv nan kondisyon parèy:  Moun ak kokorat dòmi sou menm kabann; moun bwose dan yo ak menm bwòs ravèt la fin bwose dan li; moun bwè dlo nan larivyè menm jan ak bèf enpi se lè w gade pi wo larivyè a, ou wè te gen yon kolonn chwal k'ap kaka nan dlo a; kò a vin tounen yon kay pou tout kalite parazit.

Grasadye, "Sa'k pa touye w va angrese w" (What doesn't kill you make you stronger).  Kòm rekonpans ou, lè w kite parazit yo fè ladesant nan kò w, chak parasit prezante w ak yon "diplòm" iminite kòmsi ou te pase "lekòl maladi".
Nan kondisyon sa a Ayisyen chaje ak "diplòm"!  Mwen pa menm ka konte konbyen m genyen meznami o!  Bagay pou ta kriye wi.... men nou genyen parazit yo rekonensans.  Nou fè dibyen avè yo. Nou ba yo kote pou yo layite deng yo, swa nan kò nou, swa nan tout kwen lakay nou, swa nan manje nou, swa nan tout fatra ak pousyè nan lari yo.   Yo menm yo fè pa nou.

Tout sa m sot di la ta ka yon bèl verite wi, men mwen panse ou konnen deja ke kolera rantre an Ayiti enpi li montre nou tout ke ekspresyon "Mikwòb pa touye Ayisyen" an pa gen verite ladan l.  Se yon gwo manti.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment