Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, December 31, 2012

does kale have three definitions? tet kale - bald, se youn. kale, tankou wap SPANK timoun oubyen wap bat yo. epi, mwen tande moun ki di "fe kale" tankou anbrase ou HUG. eske li ekri kale oubyen kalenn? mesi!

Wi, kale, an Kreyòl, gen anpil definisyon.  E, yo itilize l nan anpil ekspresyon tou.

kale → beat up, spank, to strike s.o. with a whip
1. Lè m te piti, manman m te konn kale'm chak kou m bay yon manti.
2. Eske li pi bon lè ou kale pitit ou pase lè w pale avè l?

kale → to breed, to hatch
1. Ala madan m gen kouraj pou l kale sèt pitit!
2. Poul la kale yon panye ze chak maten.

kale → to peel off
1. Mwen te travay nan yon restoran.  Dyòb mwen se te pou m te kale pòmdetè.
2. Lè w achte kann nan lari, machann nan dwe kale l pou ou.
3. Lè pitit gason m nan te ale kay doktè, enfimyè a te mande l pou l kale tèt ti pijon li pou l ka enspekte l.

kale → defeat
1. Nan jwèt foutbòl 30 desanm 2012 la, Tampa Bay Buccaneers te kale Falcons 22 a 17.
2. Mwen kontan paske se ekip mwen an ki kale.

kale → shave
1. Depi ou antre nan lame, premye bagay yo fè se kale tèt ou.
2. Prezidan Ayisyen an kale tèt li nèt.  Li pa gen yon grenn cheve nan tèt li.

In expressions, you will hear:
1. Kale'm lajan m!
    Give me my money!

2. Kale je w non!
    Open your eyes!

3. Sispann kale kò'w. Abiye yon fason modès tanpri.
    Stop showing too much skin.  Dress modestly please.

I am not aware of "fè kale" which would mean "hug".  I have never come across it.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

1 comment: